TRADO
Travay pi byen. Touche pi vit.
Yon sistèm prive tout nan youn pou ka òganize kliyan, travay, devis, fakti ak peman fèt pou pwofesyonèl ki vann sèvis, san eskiz.
Pa bezwen kat kredi
Biznis ou. Done ou.
TRADO se yon zouti prive pou òganizasyon biznis. Li pa yon sistèm kontablite. Li pa yon sistèm fiskal. Epi li pa voye okenn done bay okenn enstitisyon.
TRADO egziste pou ede w mete lòd nan travay ou - kaye prive dijital ou pou ou menm, e pa pou leta.
Done ou rete prive. Tout tan.
Kliyan
Tout enfòmasyon sou kliyan yo, byen òganize epi an sekirite.
Travay & fakti
Kreye devis, jere travay yo epi fè fakti ak konfyans.
Peman & kontwòl
Ou toujou konnen sa ki peye, sa ki an atant, ak kouman lajan an ap sikile.
Kesyon moun poze souvan
Kisa TRADO ye?
TRADO se yon zouti prive pou òganize biznis sèvis, fèt pou freelansè, konsiltan ak ti biznis ki bezwen jere kliyan, travay, devis, fakti ak peman nan yon sèl sistèm.
Èske TRADO se yon sistèm kontablite?
Non. TRADO pa yon sistèm kontablite ni yon sistèm fiskal. Li konsantre sou òganizasyon entèn ak kontwòl operasyonèl.
Èske TRADO voye done bay leta oswa taks?
Non. TRADO pa voye okenn done bay leta, otorite fiskal oswa okenn enstitisyon. Tout enfòmasyon yo rete prive.
Pou kiyès TRADO fèt?
TRADO fèt pou freelansè, konsiltan, tradiktè, entèprèt, ti ajans ak pwofesyonèl sèvis.
Èske mwen ka kòmanse san fè fakti?
Wi. Anpil itilizatè kòmanse pa òganize kliyan, travay ak nòt, epi yo itilize devis ak fakti pita.
Èske mwen bezwen kat kredi?
Non. Ou ka kòmanse itilize TRADO san kat kredi.
Kreye pa yon pwofesyonèl. Pou pwofesyonèl.
TRADO fèt paske te gen yon bezwen reyèl : jere yon biznis sèvis san dezòd, san Excel, san tèt chaje, san konfizyon. Sèlman kontwòl 100%.